The Bible Software
bible.software › 2 Kings › 2 Kings 1 › 2 Kings 1:16

2 Kings 1:16

Li di wa a konsa: —Men mesaj Seyè a voye ba ou: Paske ou voye moun al pale ak Baalzeboub, bondye lavil Ekwon an, tankou si pa gen Bondye nan peyi Izrayèl la ou ta ka al wè, ou p'ap janm leve sou kabann kote ou kouche a, ou pral mouri.

Bib La

In The King James Version

And he said unto him, Thus saith the LORD, Forasmuch as thou hast sent messengers to enquire of Baal-zebub the god of Ekron, is it not because there is no God in Israel to enquire of his word? therefore thou shalt not come down off that bed on which thou art gone up, but shalt surely die.

In Context

15Lè sa a, zanj Seyè a di Eli konsa: —Ou mèt ale ak msye. Ou pa bezwen pè l'. Eli leve, li desann ak kaptenn lan, l' al jwenn wa a.

17Okozyas mouri vre, jan Seyè a te di l' la nan bouch Eli. Okozyas pa t' gen pitit gason. Se Joram, frè li, ki moute sou fotèy la nan plas li. Lè sa a, Joram, pitit gason Jozafa a, t'ap mache sou dezan depi li t'ap gouvènen nan peyi Jida.

Read all of 2 Kings 1

Cross References

1 Kings 14:6Men, lè Akija tande l' bri pye l' ap vini nan papòt la, li di l': -Antre non, madan Jewoboram. Poukisa w'ap fè tèt ou pase pou lòt moun konsa? Tout jan, mwen gen move nouvèl pou ou.

1 Kings 22:28Lè sa a, Miche di: -Si ou tounen soti nan lagè a san danje ni malè vre, w'a konnen Seyè a pa t' pale nan bouch mwen. Lèfini, li di: -Nou tout pèp yo, koute sa m' di la a wi!

2 Kings 1:6Yo reponn li: —Paske nou kontre ak yon nonm sou wout nou ki di nou: Tounen al jwenn wa ki te voye nou an. N'a di li: Men mesaj Seyè a voye ba li: Kouman? Pa gen Bondye nan peyi Izrayèl la kifè ou voye moun al pale ak Baalzeboub, bondye lavil Ekwon an? Poutèt sa ou fè a, ou p'ap leve sou kabann kote ou kouche a, ou pral mouri.

2 Kings 8:8Wa a rele Azayèl, yonn nan chèf li yo, li di l' konsa: —Pote yon bagay fè pwofèt Bondye a kado. Lèfini, mande l' pou l' pale ak Seyè a pou konnen si m'ap leve anba maladi sa a.

2 Kings 20:1Vè menm epòk sa a, Ezekyas tonbe malad, li te prèt pou l' mouri. Pwofèt Ezayi, pitit Amòz la, vin wè li, li di l' konsa: —Men sa Seyè a voye di ou: Ou mèt mete lòd nan zafè ou paske ou pral mouri. Pa gen rechap pou ou.

Proverbs 11:19Yon moun ki soti pou fè sa ki dwat ap toujou viv. Men, moun k'ap chache fè sa ki mal gen pou yo mouri.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study 2 Kings 1:16

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← 2 Kings 1:152 Kings 12 Kings 1:17 →