The Bible Software
bible.software › 2 Kings › 2 Kings 1 › 2 Kings 1:3

2 Kings 1:3

Men, zanj Seyè a pale ak pwofèt Eli, moun lavil Tichbe a, li di l' konsa: —Leve al kontre mesaje Okozyas, wa peyi Samari a. W'a mande yo si pa gen Bondye nan peyi Izrayèl la kifè yo pral pale ak Baalzeboub, bondye lavil Ekwon an.

Bib La

In The King James Version

But the angel of the LORD said to Elijah the Tishbite, Arise, go up to meet the messengers of the king of Samaria, and say unto them, Is it not because there is not a God in Israel, that ye go to enquire of Baal-zebub the god of Ekron?

In Context

2Okozyas, wa peyi Izrayèl la, pran yon so, li soti nan balkon lakay li, li tonbe sou twati palè li lavil Samari. Li fraktire nan tout kò l'. Li voye moun al pale ak Baalzeboub, bondye moun Filisti yo ki te gen tanp li lavil Ekwon, pou konnen si l'ap refè.

4W'a di yo tou men mesaj Seyè a voye bay wa a: Li p'ap leve sou kabann kote li kouche a paske li pral mouri. Eli leve, li fè sa Seyè a te mande l' fè a.

Read all of 2 Kings 1

Cross References

1 Kings 11:33Salomon vire do ban mwen, l' al adore bondye lòt nasyon, tankou Astate, zidòl fanm moun peyi Sidon yo, Kemòch, bondye moun Moab yo, ak Milkòm, bondye moun Amon yo. Salomon pa fè sa ki byen devan je mwen, li pa mache dwat, li pa swiv lòd ak kòmandman mwen yo tankou David, papa l', te fè l' la.

1 Kings 18:1Apre sa, kèk tan pase. Chechrès la t'ap mache sou twazan depi li t'ap bat peyi a. Lè sa a, Seyè a pale ak Eli, li di l' konsa: -Al parèt devan wa Akab. Mwen pral fè lapli tonbe.

1 Kings 19:5Li lage kò l' anba pye bayawonn lan. Dòmi pran l'. Antan l' nan dòmi an, yon zanj vin souke l', li di l' konsa: -Leve ou manje!

1 Kings 21:17Lè sa a, Seyè a pale ak Eli, pwofèt lavil Tichbe a, li di l' konsa:

2 Kings 1:6Yo reponn li: —Paske nou kontre ak yon nonm sou wout nou ki di nou: Tounen al jwenn wa ki te voye nou an. N'a di li: Men mesaj Seyè a voye ba li: Kouman? Pa gen Bondye nan peyi Izrayèl la kifè ou voye moun al pale ak Baalzeboub, bondye lavil Ekwon an? Poutèt sa ou fè a, ou p'ap leve sou kabann kote ou kouche a, ou pral mouri.

2 Kings 1:15Lè sa a, zanj Seyè a di Eli konsa: —Ou mèt ale ak msye. Ou pa bezwen pè l'. Eli leve, li desann ak kaptenn lan, l' al jwenn wa a.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study 2 Kings 1:3

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← 2 Kings 1:22 Kings 12 Kings 1:4 →