2 Kings 1:8
Msye yo reponn li: —Li te gen yon gwo rad fèt ak po bèt sou li ak yon sentiwon po bèt mare nan ren l'. Wa a di: —Se Eli, moun lavil Tichbe a.
Bib La
In The King James Version
In Context
7Wa a mande yo: —Moun ki te vin kontre nou an epi ki di nou tout pawòl sa yo, ki jan li te ye?
Cross References
Isaiah 20:2Men anvan sa, Seyè a te pale ak Ezayi, pitit Amòz la. Li te di l': Wete rad sak kòlèt ki sou ou a ak sapat ki nan pye ou la. Se sa menm Ezayi te fè. Se konsa li t'ap mache toutouni pye atè nan lari.
Matthew 3:4Jan te gen yon rad fèt ak pwal chamo sou li, li te mare ren l' ak yon sentiwon an po. Li te manje krikèt ak gato myèl li te jwenn nan bwa.
Mark 1:6Jan te mete yon rad pwal chamo sou li, ak yon sentiwon an po mare nan ren li. Se krikèt ak gato myèl li te jwenn nan bwa li te manje.
Revelation 11:3M'ap voye de temwen m' yo ak rad sak sou yo, pou yo fè konnen mesaj Bondye a pandan mil desanswasant (1.260) jou.