2 Kings 10:17
Lè yo rive lavil Samari, Jeou touye dènye rès moun nan fanmi Akab la. Li pa kite yonn ladan yo vivan, dapre pawòl Seyè a te mete nan bouch pwofèt Eli a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 1:17Okozyas mouri vre, jan Seyè a te di l' la nan bouch Eli. Okozyas pa t' gen pitit gason. Se Joram, frè li, ki moute sou fotèy la nan plas li. Lè sa a, Joram, pitit gason Jozafa a, t'ap mache sou dezan depi li t'ap gouvènen nan peyi Jida.
2 Kings 9:25Jeou rele Bidka, òdonans li an, li ba li lòd sa a: —Pran kadav la, jete l' nan jaden Nabòt, moun Jizreyèl la. Ou chonje lè ou menm avè m' nou te sou chwal nou dèyè Akab, papa l'? Seyè a te pale kont Joram, li te di:
2 Chronicles 22:8Se konsa, pandan Jeou t'ap regle ak fanmi Akab la, li kontre kèk chèf peyi Jida ak ti fanmi wa Okozyas yo ki t'ap sèvi nan lame Okozyas la. Li touye tout.
Malachi 4:1Gade! Jou a ap vini: Pral fè cho anpil tankou nan yon fou. Tout awogan yo ansanm ak tout mechan yo pral boule tankou pay chèch. Se Seyè a menm ki di sa. Wi, jou sa a, y'ap boule nèt san kite tras.