2 Kings 10:26
Yo pran poto yo te mete kanpe pou Baal la, yo pote l' deyò, yo boule l'.
Bib La
In The King James Version
And they brought forth the images out of the house of Baal, and burned them.
In Context
Cross References
2 Samuel 5:21Moun Filisti yo te kouri kite zidòl yo dèyè nan plenn lan. David ak moun pa l' yo pran yo pote ale.
1 Kings 15:13Li menm rive wete Maka, grann li, nan pozisyon manman larenn yo te ba li nan peyi a, paske Maka te fè yon vye estati pou Astate. Asa kraze estati a, li fè boule l' nan fon Sedwon an.
2 Kings 11:18Lèfini, tout pèp la al nan tanp Baal la, yo demoli l'. Yo kraze tout lotèl yo ak tout estati yo byen kraze. Yo touye Matan, prèt Baal la, devan lotèl yo. Jeojada mete gad veye Tanp Seyè a.
2 Kings 19:18Yo te boule tout bondye yo paske se pa t' bondye yo te ye. Se estati fèt an bwa ak an wòch moun te fè ak men yo. Se poutèt sa yo te rive detwi yo.
2 Kings 23:6Li wete estati Achera, zidòl fanm ki te nan Tanp lan, li fè yo pote l' andeyò lavil la nan fon Sedwon. Li boule l', li kraze l' fè l' tounen pousyè, l' al simen pousyè a nan simityè pèp la.
1 Chronicles 14:12Moun Filisti yo te kouri kite zidòl yo dèyè. David bay lòd pou yo boule yo nan dife.