2 Kings 10:30
Seyè a di Jeou konsa: —Ou fè fanmi wa Akab la tou sa m' te vle fè yo. Ou byen fèt, ou fè sa ki dwat nan je m'. Se poutèt sa, pitit pitit ou yo pral wa nan peyi Izrayèl la rive sou kat jenerasyon.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 20:42Pwofèt la di wa a: -Men mesaj Seyè a voye di ou: Poutèt ou kite moun mwen te bay lòd pou yo touye a chape, se ou menm ki pral peye pou li. Ou pral mouri. Se lame ou ki pral peye pou lame pa l'. Yo pral mouri.
1 Kings 21:29-Ou wè jan Akab vin dou nan pye m'! Paske li fè sa, m'ap tann li mouri anvan m' voye malè a sou fanmi li. Se va pandan rèy pitit gason l' lan m'a voye malè sou fanmi l'.
2 Kings 13:1Joas, pitit wa Okozyas, t'ap mache sou venntwazan depi li t'ap gouvènen peyi Jida a lè Joakaz, pitit Jeou, moute wa nan peyi Izrayèl. Li gouvènen pandan disetan nan lavil Samari.
2 Kings 14:23Amasya, pitit Joas, t'ap mache sou kenzan depi li t'ap gouvènen peyi Jida lè Jewoboram, pitit Joas, wa peyi Izrayèl la, moute wa nan plas papa l'. Li gouvènen nan lavil Samari pandan karanteyen an.
2 Kings 15:8Wa Azarya te gen tranntwitan depi li t'ap gouvènen peyi Jida lè Zakari, pitit Jewoboram, moute wa nan peyi Izrayèl. Li gouvènen nan lavil Samari pandan sis mwa.
Ezekiel 29:18-Nonm o! Nèbikadneza, wa Babilòn lan, fè lame l' la fè yon gwo jefò pou y' al atake lavil Tir. Li fè sòlda yo travay sitèlman nan pote chay lou, yo pèdi tout cheve nan mitan tèt yo, tout zepòl yo kòche. Men, ni wa a, ni lame l' la pa soti ak anyen apre gwo atak sa a yo te fè sou lavil la.