2 Kings 10:4
Men mesye yo te pè anpil, yo di: —De wa pa t' ka kenbe tèt ak li. Kote se nou ki pou ta rive fè l'!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 9:24Jeou pran banza li, li voye yon flèch ak tout fòs li. Flèch la pran Joram nan mitan de zepòl li yo, li pèse kè l'. Joram tonbe nan cha lagè li a.
Job 41:8Seye mete men ou sou li yon grenn fwa, ou p'ap janm fè sa ankò, lè w'a chonje sa l'a fè ou!
Jeremiah 49:19Tankou yon lyon k'ap soti nan rakbwa bò larivyè Jouden an pou l' ale kote bèt yo ye nan savann yo, mwen menm Seyè a, m'ap vini, m'ap fè moun yo kouri kite peyi a anvan yo bat je yo. Lè sa a, se moun m'a chwazi a m'a mete pou gouvènen peyi a. Ki moun ki tankou m'? Ki moun ki ka koresponn avè m'? Ki chèf ki ka kenbe tèt avè m'?
Luke 14:31Konsa tou, si yon wa vle fè lagè ak yon lòt wa, premye bagay pou l' fè: l'ap chita pou l' egzaminen bagay la byen, pou l' wè si, avèk dimil (10.000) òm, li kapab mache kontre lòt wa a k'ap mache sou li ak venmil (20.000) òm.