The Bible Software
bible.software › 2 Kings › 2 Kings 10 › 2 Kings 10:5

2 Kings 10:5

Se konsa ofisye ki te anchaj palè a, gouvènè lavil la, chèf fanmi yo ak reskonsab pitit wa yo voye di Jeou: —Se sou zòd ou nou ye, n'ap fè tou sa ou di nou fè. Men, nou p'ap mete pesonn wa. W'a fè sa w'a wè ki pi bon.

Bib La

In The King James Version

And he that was over the house, and he that was over the city, the elders also, and the bringers up of the children, sent to Jehu, saying, We are thy servants, and will do all that thou shalt bid us; we will not make any king: do thou that which is good in thine eyes.

In Context

4Men mesye yo te pè anpil, yo di: —De wa pa t' ka kenbe tèt ak li. Kote se nou ki pou ta rive fè l'!

6Jeou voye yon dezyèm lèt ba yo, li di yo: —Si nou avè m', si nou vle koute lòd mwen enben, denmen lè konsa, pote tèt pitit Akab yo ban mwen isit lavil Jizreyèl. Swasanndis pitit Akab yo te lakay grannèg lavil Samari ki t'ap elve yo.

Read all of 2 Kings 10

Cross References

Joshua 9:11Lè sa a, chèf nou yo ak tout moun ki rete nan peyi nou an di nou fè pwovizyon pou n' al vwayaje al kontre moun sa yo. N'a di yo konsa men nou vin sèvi yo. Tanpri, pase yon kontra ak nou.

Joshua 9:25Koulye a, nou nan men ou! W'a fè sa ou vle ak nou, jan ou santi ou dwe fè l' la.

1 Kings 20:32Se konsa yo mete rad sak sou yo tankou moun ki nan lapenn, yo plòtonnen moso kòd nan kou yo, y' al jwenn Akab, yo di l' konsa: -Bennadad voye di ou, monwa, se esklav ou li ye. Tanpri, pa touye l'. Akab reponn: -An! Msye vivan toujou. Mwen byen kontan! Se yon frè li ye pou mwen wi!

Jeremiah 27:7Tout nasyon yo va sèvi l'. Y'a sèvi pitit li ak pitit pitit li jouk lè a va rive pou lòt nasyon ki pi fò pase l' yo, lòt wa ki pi gran pase l' yo va fè peyi pa l' la sèvi yo tou.

John 12:26Si yon moun ap sèvi m', se pou l' swiv mwen tou. Konsa, tout kote m'a ye, sèvitè mwen va la tou. Papa m' va leve tèt tout moun k'ap sèvi mwen.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study 2 Kings 10:5

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← 2 Kings 10:42 Kings 102 Kings 10:6 →