2 Kings 10:6
Jeou voye yon dezyèm lèt ba yo, li di yo: —Si nou avè m', si nou vle koute lòd mwen enben, denmen lè konsa, pote tèt pitit Akab yo ban mwen isit lavil Jizreyèl. Swasanndis pitit Akab yo te lakay grannèg lavil Samari ki t'ap elve yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 5:9Piga nou adore yo, ni piga nou sèvi yo. Paske, mwen menm Seyè a, Bondye nou an, mwen se yon Bondye ki fè jalouzi anpil. Lè yon moun rayi m', mwen fè pitit li, pitit pitit li ak pitit pitit pitit li yo peye sa.
1 Kings 21:8Jezabèl ekri kèk lèt, li siyen non Akab anba yo, li sele yo ak so wa a, epi li voye yo bay chèf fanmi ak otorite ki rete lavil Jizreyèl menm kote ak Nabòt.
Job 21:19Yo pretann di Bondye va pini pitit pou peche papa yo! Poukisa se pa papa yo menm li pini pou yo ka pran leson?
Matthew 12:30Moun ki pa avèk mwen, se kont mwen yo ye. Moun ki p'ap ede m' ranmase, se gaye y'ap gaye.
Revelation 2:20Men, men repwòch mwen gen pou m' fè ou: w'ap tolere fanm yo rele Jezabèl la k'ap pran pòz pwofèt Bondye li. L'ap detounen sèvitè m' yo, l'ap moutre yo pou yo lage kò yo nan imoralite, pou yo manje viann bèt yo te ofri pou touye bay zidòl.