2 Kings 10:7
Lè yo resevwa lèt Jeou a, yo touye swasanndis pitit Akab yo, yo mete tèt yo nan panyen, yo voye yo bay Jeou lavil Jizreyèl.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 21:19W'a di li men mesaj Seyè a voye ba li: Ou fin touye Nabòt, koulye a ou soti pou pran jaden rezen l' lan! Apre sa, w'a di l' ankò men sa Seyè a voye di ou: Menm kote chen te niche san Nabòt la, chen gen pou yo niche san pa ou tou.
2 Kings 10:9Nan denmen maten li soti, l' ale kanpe bò pòtay la, li di moun ki te la yo: —Se mwen menm ki te fè konplo kont Joram, mèt mwen an, pou m' te touye l'. Nou pa gen anyen pou nou wè nan sa. Men, sa yo, ki moun ki touye yo?
2 Chronicles 21:4Lè Joram moute wa nan plas papa l', li chita otorite l' byen chita nan peyi a. Lèfini, li fè touye tout frè l' yo ansanm ak kèk gwo chèf pèp Izrayèl la.