2 Kings 11:18
Lèfini, tout pèp la al nan tanp Baal la, yo demoli l'. Yo kraze tout lotèl yo ak tout estati yo byen kraze. Yo touye Matan, prèt Baal la, devan lotèl yo. Jeojada mete gad veye Tanp Seyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 12:3Se pou nou demoli tout lòtèl yo, se pou nou gaye tout pil wòch zidòl yo. Se pou nou rache tout poto Achera yo. Se pou nou boule tout zidòl yo pou moun pa janm chonje yo te konn fè sèvis pou bondye sa yo la ankò.
Deuteronomy 13:6Si yon frè nou, bò papa osinon bò manman, osinon yon pitit gason nou, osinon yonn nan pitit fi nou, osinon madanm k'ap viv nan menm kay avèk nou, osinon ankò yonn nan bon bon zanmi nou ta chache pran tèt nou an kachèt pou fè n' al sèvi lòt bondye, bondye ni nou menm ni zansèt nou yo pa t' janm konnen,
Deuteronomy 13:10N'a kalonnen l' wòch jouk li mouri, paske li te vle fè nou vire do bay Seyè a, Bondye nou an, li menm ki te fè nou soti kite peyi Lejip kote nou te nan esklavaj la.
2 Kings 9:25Jeou rele Bidka, òdonans li an, li ba li lòd sa a: —Pran kadav la, jete l' nan jaden Nabòt, moun Jizreyèl la. Ou chonje lè ou menm avè m' nou te sou chwal nou dèyè Akab, papa l'? Seyè a te pale kont Joram, li te di:
2 Kings 10:26Yo pran poto yo te mete kanpe pou Baal la, yo pote l' deyò, yo boule l'.
2 Kings 18:4Se li menm ki te kraze tout tanp zidòl yo. Li kraze tout wòch yo te mete kanpe pou zidòl yo, li koupe estati Achera yo. Li kraze an miyèt moso estati sèpan an kwiv Moyiz te fè a, paske jouk lè sa a toujou pèp Izrayèl la t'ap boule lansan pou li. Yo te rele l' Newouchtan.