2 Kings 11:5
Apre sa, li ba yo lòd sa a: —Men sa nou pral fè! N'ap separe moun k'ap vin pran pòs jou repo a an twa gwoup menm fòs, yon gwoup va fè pòs nan palè wa a,
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 10:5Li wè kalite manje yo te sèvi sou tab li ak kay li te fè bati pou chèf li yo, jan li te òganize moun k'ap travay nan palè a, rad inifòm yo te genyen, domestik ki t'ap sèvi l' bweson, ak bèt li te ofri pou boule nèt pou Seyè a nan Tanp lan. Lè li wè tou sa, li pèdi lapawòl tèlman li te sezi.
2 Kings 16:18Lèfini, pou l' te fè wa peyi Lasiri a plezi, li wete platfòm yo te bati anndan Tanp lan pou jou repo a. Li fè fèmen pòt deyò a kote wa a te konn pase pou antre nan Tanp lan.
1 Chronicles 23:3Li fè konte tout moun Levi yo, depi sa ki gen trantan pou pi piti rive sou sa ki pi gran yo. Antou yo jwenn trantwimil (038.000) gason.
1 Chronicles 24:3Avèk konkou Zadòk, moun fanmi Eleaza a, ak Akimelèk, moun fanmi Itama a, wa David separe moun fanmi Arawon yo an gwoup. Chak gwoup te gen travay pa yo.
Ezekiel 44:2Seyè a di m' konsa: -Pòtay sa a fèt pou toujou ret fèmen. Piga yo janm louvri l'. Pa janm kite pesonn pase la. Paske se la mwen menm Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, mwen te pase. Se pou l' toujou ret fèmen.
Luke 1:8Yon jou, Zakari te desèvis kou prèt devan Bondye, paske se te tou gwoup pa l' la.