2 Kings 12:20
Se pwòp chèf li yo ki te moute yon konplo sou do l'. Yo touye l' nan kay yo te bati sou ranblè ki sou bò solèy leve lavil Jerizalèm lan, sou wout ki mennen desann bò Sila a.
Bib La
In The King James Version
In Context
19Tout rès istwa Joas ak tou sa li te fè, n'a jwenn yo ekri nan liv Istwa Wa peyi Jida yo.
Cross References
Judges 9:6Lè sa a, tout chèf ki nan lavil Sichèm yo ansanm ak tout moun Bèt Milo yo mete tèt yo ansanm, y' al toupre pye bwadchenn repozwa ki kanpe nan lavil Sichèm lan, yo fè Abimelèk wa.
1 Kings 11:27Men rezon ki te pote Jewoboram bay Salomon do. Salomon t'ap fè yo ranbleye teras ki bay sou solèy leve lavil Jerizalèm lan. Li t'ap fè repare miray Lavil David, papa l'.
2 Kings 8:23N'a jwenn rès istwa Joram ak tou sa li te fè ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo.
2 Chronicles 24:24Lame peyi Siri a pa t' anpil, men Seyè a te kite l' kraze yon lame ki te plis pase yo lontan paske pèp Jida a te vire do bay Seyè a, Bondye zansèt yo a. Se konsa Joas t'ap soufri nan men moun Siri yo pou sa l' te fè a.
2 Chronicles 33:24Chèf ki t'ap sèvi avèk Amon yo fè konplo, yo touye l' anndan palè a.