2 Kings 12:9
Lè sa a, Jeojada, prèt la, pran yon bwat, li fè yon twou nan kouvèti li, li mete l' toupre lotèl la, sou bò dwat lè w'ap antre nan Tanp Seyè a. Se ladan l' prèt ki t'ap veye nan papòt Tanp lan mete tout lajan yo te bay pou Tanp lan.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 22:4—Ale jwenn Ilkija, granprèt la. W'a di l' pou l' fè rapò kantite lajan prèt ki desèvis devan pòt Tanp lan ranmase nan men pèp la.
2 Kings 25:18Lèfini, Neboucharadan, chèf lagad la, pran Seraja, granprèt la, Sefanya, adjwen granprèt la, ansanm ak twa lòt gwo chèf nan Tanp lan, li fè yo prizonye.
1 Chronicles 15:24Men non prèt yo te chwazi pou kònen twonpèt devan Bwat Kontra a. Se te Chebanyas, Jozafa, Netaneyèl, Amasayi, Zakari, Benaja ak Elyezè. Obèd-Edon ak Jebija te la pou pote Bwat Kontra a tou.
Psalms 84:10(084:11) Yon jou pase anndan lakay ou pi bon pase mil jou pase nenpòt lòt kote. Mwen ta pito rete kanpe nan papòt kay Bondye a pase pou m' ta rete anndan kay mechan yo.
Jeremiah 52:24Lèfini, Neboucharadan, chèf lagad la, pran Seraya, granprèt la, Sefanya, adjwen li an ansanm ak twa lòt chèf ki la pou veye pòtay tanp lan, li fè yo prizonye.
Luke 21:1Jezi pwonmennen je l' toupatou nan tanp lan, epi li wè moun rich yo ki t'ap mete lajan nan bwat kote yo mete ofrann nan tanp lan.