2 Kings 14:10
Se pou m' di ou, Amasya, ou kraze moun peyi Edon yo. Koulye a, ou santi ou gwonèg anpil. M' byen kontan pou ou. Gonfle lestonmak ou jan ou kapab, men rete sou sa ou fè a. Poukisa pou w'ap chache traka bay kò ou pou sa pase mal ni pou ou ni pou peyi Jida a?
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 8:9Lè sa a Moyiz di farawon an: -Se ou menm, farawon, ki konnen kilè ou vle pou m' lapriyè Seyè a pou ou, pou moun pa ou yo ansanm ak pèp ou a. Wi, se ou ki pou di m' kilè ou vle pou Seyè a wete krapo sa yo lakay ou ak nan kay pèp ou a, pou yo rete nan larivyè a ase.
Judges 9:52Abimelèk rive jouk bò fò a. Li pwoche bò pòt la pou l' te mete dife nan fò a.
2 Chronicles 26:16Men, lè li fin chita pouvwa l' byen chita, lògèy vire tèt li, sa lakòz pye l' chape. Li fè bagay Seyè a, Bondye li a, pa t' ba li dwa fè. Yon jou li antre nan Tanp Seyè a pou boule lansan sou lotèl lansan an.
2 Chronicles 35:21Men Neko voye misyon sa a bay Jozyas: -Ou wè ou menm, wa peyi Jida, pa antre nan lagè sa a tande! M' pa vin pou m' goumen avè ou, men se avèk yon lòt nasyon mwen gen kont. Bondye di m' pa mize. Tanpri, pou pwòp byen ou, pa kenbe tèt ak Bondye ki avè m'. Konsa li p'ap detwi ou.
Proverbs 15:18Yon moun ki gen san wo toujou ap pouse dife. Men, moun ki pa fè kòlè fasil toujou ap mete lapè.
Proverbs 17:14Lè yon kont pete, se tankou dlo ki kase dig kannal. Anvan batay mete pye, chape kò ou.