2 Kings 14:23
Amasya, pitit Joas, t'ap mache sou kenzan depi li t'ap gouvènen peyi Jida lè Jewoboram, pitit Joas, wa peyi Izrayèl la, moute wa nan plas papa l'. Li gouvènen nan lavil Samari pandan karanteyen an.
Bib La
In The King James Version
In Context
22Se li menm ki reprann lavil Elat, li fè l' tounen anba otorite wa Jida a, apre lanmò papa l'.
Cross References
2 Kings 13:13Lè li mouri, yo antere l' menm kote ak lòt wa peyi Izrayèl yo lavil Samari. Se Jewoboram ki moute wa nan plas li.
2 Kings 14:15Tout rès istwa Joas la, tou sa li te fè, jan li te vanyan sòlda lè li t'ap goumen ak Amasya, wa peyi Jida a, nou jwenn tou sa ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl yo.
2 Kings 14:27Se konsa, li voye Jewoboram, pitit Joas la, pou vin delivre yo, paske se pa t' janm lide l' pou l' te disparèt yo sou latè.
1 Chronicles 5:17Se sou rèy Jotam, wa peyi Jida, ak Jewoboram, wa peyi Izrayèl, yo te fè rejis sa yo.
Amos 1:1Men mesaj Amòs, yonn nan gadò mouton lavil Tekoa a, te bay. Se bagay Bondye te fè l' konnen sou pèp Izrayèl la, dezan anvan tranblemanntè a. Lè sa a, se Ozyas ki te wa nan peyi Jida, epi se Jewoboram, pitit Joas, ki te wa nan peyi Izrayèl.
Amos 7:10Amatsya, prèt nan lavil Betèl la, voye di Jewoboram, wa Izrayèl la: -Men Amòs ap moute konplo sou do ou nan mitan pèp Izrayèl la. Li soti pou l' fini ak peyi a ak pawòl l'ap di yo.