2 Kings 14:25
Se Jewoboram ki reprann tout zòn ki te pou peyi Izrayèl la depi nan Pas Amat la nan nò, rive Lanmè Mouri a nan sid, jan Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, te bay Jonas, sèvitè l' la, mesaj la. Jonas sa a, pitit Amitayi, te yon pwofèt lavil Gatefè.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 13:21Se konsa mesye yo moute, y' al chache konnen tout bagay ki gen nan peyi a, depi dezè Zin ki nan sid peyi a rive jouk Reyòb toupre pas Amat la, nan nò.
Numbers 34:8Antan nou la, n'a trase yon liy dwat ankò jouk nou rive nan Pas Amat la, ale pi lwen toujou jouk nou rive Zedad.
Joshua 19:13Li soti Jafya nan menm direksyon solèy leve a, li rive sou Gat-Efè ak Itakasen. Li pase sou Rimon, li vire sou Nea.
2 Kings 10:32Lè sa a, Seyè a konmanse wonyen sou teritwa peyi Izrayèl la. Wa Azayèl atake moun Izrayèl yo toupatou nan peyi a,
Ezekiel 47:16L'a pase lavil Bewota ak lavil Sibrayim, nan mitan peyi Damas ak peyi Amat. L'a rive lavil Tikon ki sou fwontyè peyi Oran an.
Jonah 1:1Yon jou, Seyè a pale ak Jonas, pitit gason Amitayi a,