2 Kings 15:19
Poul, wa peyi Lasiri, anvayi peyi a. Menayèm bay Poul twamil (03000) kilo ajan pou Poul te ka ede l' chita pouvwa li nan peyi a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 12:18Joas, wa peyi Jida a, pran tout bagay zansèt li yo, depi Jozafa ak Joram rive sou Okozyas ki te ansyen wa peyi Jida yo, te ofri bay Seyè a ansanm ak tout bagay li menm li te ofri bay Seyè a epi ki te nan Tanp lan, li pran tout lò li jwenn nan trezò Tanp lan ak tout lò ki te nan palè a, li voye yo fè Azayèl, wa peyi Siri a, kado. Azayèl chanje lide, li pa moute atake lavil Jerizalèm ankò.
2 Kings 16:8Akaz pran ajan ak lò ki te nan tanp lan ak nan trezò palè wa a, li voye yo fè Tiglat Pilesè, wa peyi Lasiri a, kado.
2 Kings 18:16Li dekale tout lò li menm li te fè plake sou pòt ak chanbrann pòt Tanp Seyè a, li voye yo bay wa peyi Lasiri a.
1 Chronicles 5:26Se poutèt sa, Bondye pèp Izrayèl la fè Poul, wa peyi Lasiri a ki te rele Tiglat-Pilesè tou, anvayi peyi yo a, depòte moun branch fanmi Woubenn yo, moun branch fanmi Gad yo ak moun mwatye branch fanmi Manase yo. Li mennen yo lavil Ala, lavil Abò, lavil Ara ak bò larivyè Gozan kote yo rete jouk jounen jòdi a.
Jeremiah 17:5Men sa Seyè a di ankò: -Madichon pou moun ki vire do ban mwen pou mete konfyans yo nan moun parèy yo, pou konte sou sa moun ap fè pou yo.
Hosea 8:9Tankou yon bourik endont, moun Efrayim yo ap fè sa yo pito. Yo moute peyi Lasiri al mande konkou. Tankou fanm k'ap achte gason, yo bay lòt nasyon lajan pou pwoteje yo.