The Bible Software
bible.software › 2 Kings › 2 Kings 15 › 2 Kings 15:29

2 Kings 15:29

Se sou reny Peka, Tiglat Pilesè, wa peyi Lasiri, anvayi peyi a, li pran lavil Ijon, lavil Abèl bèt Maka, lavil Janoa, lavil Kadès, lavil Azò, tout teritwa Galarad, tout teritwa Galile ak tout zòn Neftali a. Li fè tout moun yo prizonye, li depòte yo nan peyi Lasiri.

Bib La

In The King James Version

In the days of Pekah king of Israel came Tiglath-pileser king of Assyria, and took Ijon, and Abel-beth-maachah, and Janoah, and Kedesh, and Hazor, and Gilead, and Galilee, all the land of Naphtali, and carried them captive to Assyria.

In Context

28Li fè sa ki mal nan je Seyè a. Li te lage kò l' nan fè menm peche ak Jewoboram, pitit Nebat la. Li lakòz pèp Izrayèl la peche tou.

30Lè sa a, Oze, pitit gason Ela a, moute yon konplo sou do Peka, pitit Remalya a. Li atake l', li touye l'. Lèfini, li moute wa nan plas li. Lè sa a, Jotam, pitit gason Ozyas la, te gen ventan depi li t'ap gouvènen peyi Jida.

Read all of 2 Kings 15

Cross References

Leviticus 26:38N'a mouri nan peyi kote yo te depòte nou yo. Y'a antere nou nan peyi moun ki pa vle wè nou yo.

Numbers 32:40Se konsa tou, Moyiz bay moun fanmi Maki, pitit gason Manase a, peyi Galarad la pou yo rete.

Deuteronomy 4:26Si nou fè bagay konsa, men m'ap pran syèl la ak latè a pou temwen pou yo tande sa m'ap di nou jòdi a: N'ap rete konsa, n'ap disparèt nan peyi nou pral pran pou nou lòt bò larivyè Jouden an. Nou p'ap rete lontan nan peyi a, paske nou tout pral disparèt nèt.

Deuteronomy 28:64Seyè a va gaye nou nan mitan tout nasyon ki toupatou sou latè. Lè n'a rive la, n'a sèvi lòt bondye ni zansèt nou yo, ni nou menm nou pa t' janm tande pale, zidòl fèt an bwa, zidòl fèt ak wòch.

Joshua 11:10Apre sa, Jozye tounen sou dèyè, li pran lavil Azò, epi li touye wa li a. Lè sa a, Azò te pi gwo lavil nan tout peyi wa yo.

Joshua 12:19wa lavil Madòn, wa lavil Azò,

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study 2 Kings 15:29

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← 2 Kings 15:282 Kings 152 Kings 15:30 →