2 Kings 15:30
Lè sa a, Oze, pitit gason Ela a, moute yon konplo sou do Peka, pitit Remalya a. Li atake l', li touye l'. Lèfini, li moute wa nan plas li. Lè sa a, Jotam, pitit gason Ozyas la, te gen ventan depi li t'ap gouvènen peyi Jida.
Bib La
In The King James Version
In Context
31Tout rès istwa Peka a ak tou sa li te fè, nou jwenn sa ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl yo.
Cross References
2 Kings 15:10Chaloum, pitit Jabès, moute yon konplo sou do Zakari. Li atake l' lavil Jibleyam, li ansasinen l'. Apre sa, li moute wa nan plas li.
2 Kings 15:32Wa Peka, pitit Remalya, t'ap mache sou dezan depi li t'ap gouvènen peyi Izrayèl lè Jotam, pitit Ozyas, moute wa nan peyi Jida.
2 Kings 17:1Wa Akaz t'ap mache sou douzan depi li t'ap gouvènen peyi Jida lè Oze, pitit Ela, moute wa nan peyi Izrayèl. Li gouvènen nan lavil Samari pandan nevan.
2 Chronicles 28:16Lè sa a, wa Akaz voye mande wa peyi Lasiri a sekou,
Isaiah 7:16Men, anvan menm ti gason an rive konnen sa ki byen ak sa ki mal, peyi de wa sa yo k'ap fè ou pè a ap rete konsa san pyès moun ladan yo.
Hosea 10:3Talè konsa, y'a di: -Nou pa gen wa, paske nou pa pè Seyè a. Lèfini, yon wa, sa l' ka fè pou nou?