2 Kings 15:37
Se sou reny li Seyè a te voye Rezin, wa peyi Siri, ak Peka, pitit Remalya a, vin atake peyi Jida yonn apre lòt.
Bib La
In The King James Version
In Context
36Tout rès istwa Jotam ak tou sa li te fè, n'a jwenn sa ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo.
Cross References
1 Samuel 3:12Jou sa a, tout malè mwen te di Eli ki pou te rive fanmi l' yo pral rive vre san manke yonn.
2 Kings 15:27Wa Azarya t'ap mache sou senkanndezan depi li t'ap gouvènen peyi Jida lè Peka, pitit Remalya, moute wa nan peyi Izrayèl. Li gouvènen nan lavil Samari pandan ventan.
2 Chronicles 28:6Se konsa, yon sèl jou Peka, pitit Remalya, touye sanvenmil (0120.000) sòlda, tout vanyan gason, nan peyi Jida a, paske pèp la te vire do bay Seyè a, Bondye zansèt yo a.
Isaiah 7:1Lè sa a, se wa Akaz, pitit gason Jotam, pitit pitit gason Ozyas, ki t'ap gouvènen nan peyi Jida. Rezen, wa peyi Siri, ak Pekak, pitit Remalya, wa peyi Izrayèl, moute al atake lavil Jerizalèm. Men, yo pa t' ka pran l'.
Isaiah 10:5Seyè a di: -Madichon pou peyi Lasiri a! Paske, l'ap tankou yon baton nan men m' pou m' pini pèp la. M'ap sèvi avèk pouvwa ki nan men l' lan pou m' fè pèp la wè jan m' ankòlè.
Jeremiah 16:16Seyè a di ankò: -Mwen voye chache anpil moun ki konn fè lapèch pou vin pran yo. Apre sa, m'ap voye chache kantite moun ki konn fè lachas pou kouri dèyè yo sou tout mòn, sou tout ti mòn, jouk nan twou wòch.