2 Kings 15:5
Seyè a peni wa a pou sa. Li voye yon move maladi po sou li ki rete avè l' jouk jou li mouri. Li te rete nan yon kay apa, yo pa t' kite l' gouvènen. Se Jotam, pitit li, ki te chèf nan palè a. Se li menm ki te regle tout zafè nan peyi a.
Bib La
In The King James Version
In Context
6Tout rès istwa Azarya a ak tou sa li te fè, n'a jwenn sa ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo.
Cross References
Numbers 12:10Nwaj la leve anwo tant lan, l' ale. Menm lè a, yon sèl maladi tonbe sou Miryam: tout po kò l' vin blanch kou koton. Arawon gade Miryam, li wè Miryam te kouvri ak bouton sou tout po li.
Deuteronomy 24:8Lè gen yon ka move maladi po, se pou nou sèten yo fè tou sa moun Levi yo mande fè. Se pou nou swiv tout regleman mwen te ba yo sou sa.
2 Samuel 8:15David t'ap gouvènen tout pèp Izrayèl la. Li te fè tout moun jistis san patipri. Li te fè tout zafè l' dwat.
1 Kings 3:9Tanpri, ban mwen lespri veyatif pou m' ka gouvènen pèp ou a san patipri, pou m' konn sa ki byen ak sa ki mal. Si se pa sa, ki jan m'a fè pou m' gouvènen pèp ou a ak tout moun sa yo ki ladan l'?
2 Kings 5:27Se poutèt sa, maladi Naaman an pral tonbe sou ou, sou pitit ak pitit pitit ou yo pou tout tan. Lè Gerazi soti, li te gen maladi po a. Po kò l' te blan kou koton.
2 Kings 15:32Wa Peka, pitit Remalya, t'ap mache sou dezan depi li t'ap gouvènen peyi Izrayèl lè Jotam, pitit Ozyas, moute wa nan peyi Jida.