2 Kings 16:10
Lè wa Akaz te lavil Damas pou l' te kontre ak Tiglat Pilesè, wa peyi Lasiri a, li wè lotèl ki te la a. Li leve plan lotèl la, li voye l' bay Ouri, prèt la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 39:43Moyiz egzaminen travay yo te fè a, li wè yo te fè l' jan Seyè a te bay lòd fè l' la. Wi, se konsa yo te fè l'. Lèfini, Moyiz beni yo.
Joshua 22:28Nou te fè lide si yon jou yon moun ta vin di nou bagay konsa, osinon ta vin pale konsa ak pitit nou yo, n'a ka reponn yo: Gade! Men lotèl zansèt nou yo te bati. Li pòtre ak lotèl Seyè a. Se pa t' pou boule ofrann, ni pou touye ankenn bèt sou li. Men, se te yon mak pou fè nou tout chonje sak te pase!
1 Chronicles 28:11Apre sa, David bay Salomon plan tout kay tanp lan, plan tout chanm ak tout depo yo, plan tout lòt chanm sou anwo yo, chanm anndan yo ak plan gwo chanm yo mete apa pou Bondye a, kote yo fè sèvis pou mande padon pou peche yo.
2 Chronicles 28:23Li t'ap ofri bèt pou yo touye pou bondye moun lavil Damas yo ki te bat li. Li t'ap di nan kè l': Bondye wa peyi Siri yo te ede yo. Si mwen fè sèvis pou yo, y'a ede m' tou. Men se sèvis bondye sa yo menm ki lakòz malè rive ni li ni pèp Izrayèl la.
Isaiah 8:2Lèfini, mwen pran de moun serye, Ouri, yon prèt, ak Zakari, pitit Jeberekiya a, pou yo sèvi m' temwen.
Ezekiel 23:16Wè li wè pòtre mesye yo, li anvi yo. Li voye mesaje bò kote yo nan peyi Babilòn.