2 Kings 16:15
Epi Akaz bay Ouri lòd sa a: —Se sou gwo lotèl mwen an pou ou fè ofrann bèt yo boule nèt chak maten an ansanm ak ofrann grenn jaden chak aswè a. Se sou li pou ou fè ofrann bèt pou boule nèt ak ofrann grenn jaden pou wa a ak pou tout pèp la. Se sou li w'a ofri san bèt y'a touye yo ak diven ofrann yo. Se sou li w'a vide san tout bèt yo ofri pou boule nèt ak bèt y'a ofri bay Bondye. Pou lotèl an kwiv la menm, kite sa sou kont mwen.
Bib La
In The King James Version
In Context
16Ozyas, prèt la, fè tou sa wa Akaz te ba li lòd fè.
Cross References
Exodus 29:39W'a ofri yonn nan mouton yo nan maten, lòt la nan aswè anvan li fin fè nwa nèt.
Numbers 28:2-Men lòd w'a bay moun pèp Izrayèl yo. W'a di yo pou mwen: Se pou yo toujou chonje dat pou yo fè ofrann yo, dat pou yo vin pote ofrann y'ap boule nèt pou mwen nan dife, ofrann k'ap fè m' plezi ak bon sant yo.
1 Kings 3:4Salomon te konn al lavil Gabawon pou touye bèt pou Bondye, paske se la ki te gen pi gwo lotèl la. Li te deja ofri mil bèt pou yo te boule nèt sou lotèl la.
1 Kings 8:64Menm jou a, li mete mitan gwo lakou ki devan Tanp Seyè a apa pou Bondye. Lèfini, se la li ofri bèt pou boule nèt pou Seyè a, grenn jaden ak grès bèt yo te touye pou mande Bondye padon, paske lotèl kwiv ki devan Tanp lan te twò piti pou pran tout ofrann sa yo.
2 Kings 16:14Lotèl an kwiv ki apa pou Seyè a te ant lotèl sa a ak kay Seyè a. Akaz fè deplase l' wete devan Tanp lan, li mete l' sou kote lòt lotèl la sou bò nò.
2 Chronicles 7:4Apre sa, wa Salomon ansanm ak tout pèp Izrayèl ki te la a ofri bèt pou yo touye pou Seyè a.