2 Kings 16:18
Lèfini, pou l' te fè wa peyi Lasiri a plezi, li wete platfòm yo te bati anndan Tanp lan pou jou repo a. Li fè fèmen pòt deyò a kote wa a te konn pase pou antre nan Tanp lan.
Bib La
In The King James Version
In Context
19Tout rès istwa wa Akaz la, tou sa li te fè, n'a jwenn sa ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo.
Cross References
1 Kings 10:5Li wè kalite manje yo te sèvi sou tab li ak kay li te fè bati pou chèf li yo, jan li te òganize moun k'ap travay nan palè a, rad inifòm yo te genyen, domestik ki t'ap sèvi l' bweson, ak bèt li te ofri pou boule nèt pou Seyè a nan Tanp lan. Lè li wè tou sa, li pèdi lapawòl tèlman li te sezi.
1 Chronicles 9:18Jouk jounen jòdi a se yo k'ap fè pòs nan Pòtay Wa ki bay sou bò solèy leve a, kote pou wa a pase a. Nan tan lontan, se yo menm ki te konn fè pòs nan Pòtay Kay moun Levi yo.
Ezekiel 46:2Wa a va soti nan gwo lakou deyò a, l'a antre nan gwo chanm ki nan bout koridò a, l'a kanpe bò poto pòtay yo. Prèt yo menm va boule ofrann ki pou boule nèt yo. Y'a fè ofrann pou di Bondye mèsi yo. Se la, bò pòtay la, wa a va mete ajenou pou adore Bondye. Apre sa, l'a soti. Pòtay la va ret louvri jouk aswè.