2 Kings 17:10
Sou tout mòn, anba tout gwo pyebwa, yo kanpe gwo wòch ak estati pou Achera, zidòl fanm lan.
Bib La
In The King James Version
And they set them up images and groves in every high hill, and under every green tree:
In Context
Cross References
Leviticus 26:1Seyè a di: -Nou pa gen dwa fè zidòl, nou pa gen dwa fè estati, ni mete wòch kanpe. Nou pa gen dwa pran wòch pou fè desen sou li, lèfini pou n' mete l' kanpe yon kote nan peyi a pou nou adore yo. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an.
Deuteronomy 16:21Piga nou janm plante ankenn poto Achera ni ankenn pyebwa repozwa pou sèvi nou zidòl bò kote lòtèl n'ap bati pou Seyè a, Bondye nou an.
1 Kings 14:23Yo menm tou, yo bati kay pou fè sèvis pou zidòl, yo fè gwo moniman wòch ak estati pou Astate sou tèt mòn anba gwo pyebwa.
Isaiah 2:8Peyi a plen zidòl. Y'ap sèvi bagay yo fè ak men yo, bagay yo bay fòm ak dwèt yo.
Jeremiah 3:6Yon lòt fwa Seyè a pale avè m' ankò. Lè sa a, se Jozyas ki te wa nan peyi Izrayèl. Seyè a di m' konsa: -Ou wè sa peyi Izrayèl la fè? L'ap twonpe m'. li ale sou tout gwo mòn yo, anba tout kalite gwo pyebwa, tankou yon jennès ak nonm li yo, l'ap fè sèvis pou lòt bondye.
Micah 5:14M'ap derasinen tout pyebwa repozwa nan peyi a. M'ap detwi tout lavil nou yo.