2 Kings 17:11
Yo boule lansan sou tout lotèl zidòl yo tankou moun Seyè a te mete deyò nan peyi a te konn fè. Yo fè yon bann bagay derespektan ki lakòz Seyè a te fache anpil.
Bib La
In The King James Version
In Context
10Sou tout mòn, anba tout gwo pyebwa, yo kanpe gwo wòch ak estati pou Achera, zidòl fanm lan.
12Yo adore zidòl, bagay Seyè a te ba yo lòd pa fè.
Cross References
Deuteronomy 18:9Lè n'a fin antre nan peyi Seyè a, Bondye nou an, va ban nou an, pa lage kò nou nan fè menm vye bagay moun lòt nasyon yo ap fè.
Deuteronomy 32:21Yo fè m' fè jalouzi, y' al adore yon bondye ki pa bondye tout bon. Yo fè m' fè kòlè, y' al fè sèvis pou zidòl ki pa vo anyen. Enben, mwen menm, mwen pral fè yo fè jalouzi pou yon pèp ki pa menm yon pèp. M'ap fè yo fè kòlè pou yon nasyon moun ki san konprann.
1 Kings 14:15Seyè a pral pini pèp Izrayèl la. Yo pral tranble tankou pye wozo k'ap tranble bò kouran dlo. Li pral dechouke pèp Izrayèl la nan bon peyi li te bay zansèt yo a, li pral gaye yo lòt bò larivyè Lefrat, paske yo fè Seyè a fache lè yo fè estati pou zidòl Astate a.
2 Kings 21:6Li bay pitit gason l' pou yo boule sou lotèl pou zidòl yo. Li lage kò l' nan li nwaj nan syèl la ak nan fè maji pou konnen sa ki gen pou rive, li ankouraje divinò yo ak moun ki konn rele mò pou pale ak yo. Li donnen nan fè sa ki mal nan je Seyè a pou l' te fè l' move jouk li pa kapab ankò.
Psalms 78:56Men, yo kenbe tèt ak Bondye ki gen tout pouvwa a. Yo t'ap wè jouk ki bò li te ye ak yo: Yo pa fè sa li te mande yo fè!
Hosea 9:10Seyè a di: Lè m' te fèk jwenn pèp Izrayèl la, se te tankou si m' te jwenn yon grap rezen nan mitan yon dezè. Lè m' te fèk wè zansèt nou yo, se te tankou si m' te wè premye fig frans ki mi nan rekòt fig la. Men, lè yo rive Baal-Peyò yo lage kò yo nan sèvi Baal. Yo fè m' vin rayi yo, tankou mwen rayi zidòl yo te renmen yo.