2 Kings 17:18
Se konsa Seyè a fè yon sèl move sou pèp Izrayèl la, li wete yo devan je l'. Pa rete pase branch fanmi Jida a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 32:20Li di: mwen pral vire do m' ba yo. M'a wè sa ki pral rive yo. Se yon bann moun ki plen vis, yon bann pitit ou pa ka fin fye nèt.
Joshua 23:13nou mèt sèten, Seyè a, Bondye nou an, p'ap mete pèp sa yo deyò devan nou ankò. Okontrè, l'ap fè yo tounen yon pèlen, yon senn pou fèmen nou, yon fwèt nan dèyè nou, yon pikan nan je nou jouk l'a fè nou disparèt nan bon peyi sa a Seyè a, Bondye nou an, te ban nou.
Judges 18:30Moun Dann yo fè yon zidòl pou yo sèvi. Se Jonatan, pitit gason Gèchon ki li menm te pitit Moyiz, ki te sèvi yo prèt. Se pitit li yo ki te toujou sèvi yo prèt apre sa jouk lè yo te depòte pèp la nan peyi etranje.
1 Kings 11:32Salomon pral rete ak yon sèl branch fanmi. M'ap fè sa pou li poutèt David, sèvitè m' lan, poutèt lavil Jerizalèm mwen te chwazi nan tout peyi Izrayèl pou rele m' pa m' lan.
1 Kings 12:20Lè moun peyi Izrayèl yo vin konnen Jewoboram te tounen soti peyi Lejip, yo voye chache l' pou l' vin nan yon reyinyon. Yo fè msye wa sou tout peyi Izrayèl la. Se moun branch fanmi Jida yo ase ki te kenbe fèm ak fanmi David la.
2 Kings 21:14M'ap vire do bay rès moun ki va chape yo, m'ap lage yo nan men lènmi yo ki pral piye yo, ki pral pran peyi a nan men yo.