2 Kings 17:19
Men, ata moun peyi Jida yo tou pa t' kenbe lòd Seyè a, Bondye yo a. Yo t'ap fè tankou moun peyi Izrayèl yo. Yo t'ap fè tout vye bagay moun peyi Izrayèl yo te ranmase.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 14:22Moun peyi Jida yo fè sa ki mal nan je Seyè a. Yo fè pi mal pase zansèt yo. Se konsa yo te lakòz kolè Seyè a tonbe sou yo.
2 Kings 8:27Okozyas mache pye pou pye dèyè moun fanmi Akab yo. Li te marye nan fanmi wa Akab. Li fè sa ki mal nan je Seyè a tankou yo.
2 Kings 18:6Li te kenbe Bondye li fèm, li pa t' janm dezobeyi l'. Li te fè tou sa Seyè a te mande dapre lòd Seyè a te bay Moyiz.
2 Chronicles 17:4Li t'ap chache tout jan pou li te sèvi Bondye zansèt li a. Li te mache dapre lòd Bondye bay yo, li pa t' fè tankou wa Izrayèl yo.
2 Chronicles 21:13Ou te pito swiv egzanp wa peyi Izrayèl yo. Ou lakòz peyi Jida a ak tout moun lavil Jerizalèm yo vire do bay Bondye tankou moun fanmi Akab yo te fè l' la. Ou menm rive touye frè ou yo, pwòp pitit papa ou yo, ki te pi bon pase ou.
Jeremiah 3:8Li wè mwen te divòse ak Izrayèl, mwen te voye l' al lakay li paske li te vire do ban mwen, paske li te lage kò l' nan fè jennès sou mwen. Men, Jida, sè Izrayèl la ki pa t' kenbe pawòl li avè m', pa t' pè. Li menm tou, li al lage kò l' nan jennès.