The Bible Software
bible.software › 2 Kings › 2 Kings 17 › 2 Kings 17:23

2 Kings 17:23

Bout pou bout, Seyè a wete yo nèt devan je l', jan li te voye sèvitè l' yo, pwofèt yo avèti yo a. Se konsa yo depòte moun peyi Izrayèl yo byen lwen nan peyi Lasiri kote yo ye jouk jounen jòdi a.

Bib La

In The King James Version

Until the LORD removed Israel out of his sight, as he had said by all his servants the prophets. So was Israel carried away out of their own land to Assyria unto this day.

In Context

22Moun peyi Izrayèl yo pran fè tankou Jewoboram, yo donnen ladan l' san rete.

24Wa peyi Lasiri a pran moun lavil Babilòn, moun lavil Kout, moun lavil Ava, moun lavil Ama ak moun lavil Sefavayim, li voye yo al rete nan lavil peyi Samari nan plas moun Izrayèl li te fè depòte yo. Moun yo pran peyi Samari a pou yo, y' al rete nan tout lavil yo.

Read all of 2 Kings 17

Cross References

Deuteronomy 32:20Li di: mwen pral vire do m' ba yo. M'a wè sa ki pral rive yo. Se yon bann moun ki plen vis, yon bann pitit ou pa ka fin fye nèt.

Judges 18:30Moun Dann yo fè yon zidòl pou yo sèvi. Se Jonatan, pitit gason Gèchon ki li menm te pitit Moyiz, ki te sèvi yo prèt. Se pitit li yo ki te toujou sèvi yo prèt apre sa jouk lè yo te depòte pèp la nan peyi etranje.

1 Kings 13:2Dapre lòd Seyè a te ba li a, pwofèt la pale byen fò, li bay mesaj sa a sou lotèl la: -Ou menm lotèl! Wi, ou menm lotèl! Men sa Seyè a di: Nan fanmi David la, gen yon timoun ki pral fèt, y'ap rele l' Jozyas. L'ap vini, l'ap pran tout prèt k'ap sèvi nan kay zidòl yo, prèt k'ap boule lansan sou ou yo, l'ap touye yo sou ou. Lèfini, sou ou ankò y'a boule zosman moun.

2 Kings 3:3Men, li fè menm peche ak Jewoboram, pitit gason Nebat la, li lakòz pèp Izrayèl la fè peche. Li pa t' soti pou l' te kite vye chemen sa a.

2 Kings 17:6Oze te gen nevan depi li te wa lè wa Lasiri a pran lavil Samari. Salmanaza fè tout pèp Izrayèl la prizonye, li depòte yo nan peyi Lasiri. Li mete yon pati ladan yo lavil Ala, toupre larivyè Abò nan zòn Gozan, yon pati nan lavil peyi Medi yo.

2 Kings 17:18Se konsa Seyè a fè yon sèl move sou pèp Izrayèl la, li wete yo devan je l'. Pa rete pase branch fanmi Jida a.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study 2 Kings 17:23

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← 2 Kings 17:222 Kings 172 Kings 17:24 →