2 Kings 17:24
Wa peyi Lasiri a pran moun lavil Babilòn, moun lavil Kout, moun lavil Ava, moun lavil Ama ak moun lavil Sefavayim, li voye yo al rete nan lavil peyi Samari nan plas moun Izrayèl li te fè depòte yo. Moun yo pran peyi Samari a pou yo, y' al rete nan tout lavil yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 8:65Lè sa a, Salomon ansanm ak tout pèp Izrayèl la fete Fèt Joupa yo pandan sèt jou. Foul moun te soti depi Pas Amat la nan nò jouk sou fwontyè ak peyi Lejip la nan sid, yo vin fete fèt la pandan sèt jou. Lèfini, yo fete pandan sèt jou ankò. Sa te fè antou katòz jou.
2 Kings 17:30Moun lavil Babilòn yo te fè pòtre Soukòt Benòt. Moun lavil Kout yo te fè pòtre Negal. Moun lavil Amat yo te fè pòtre Asima.
2 Kings 18:31Pa koute wa Ezekyas! Wa peyi Lasiri a mande pou nou fè lapè avè l', pou nou rann tèt nou ba li. Konsa, nou tout ka manje rezen nan jaden rezen nou, n'a ka manje fig frans nan pye fig frans nou, n'a ka bwè dlo nan pi nou.
2 Kings 19:13Kote wa lavil Amak la, wa lavil Apad la, wa lavil Sefarayim lan, wa lavil Ena a ak wa lavil Iva a?
Ezra 4:2Yo vin jwenn Zowobabèl ak chèf fanmi yo, yo di yo konsa: -Kite nou mete men ansanm ak nou nan travay pou rebati tanp lan, paske nou menm tou se menm Bondye a nou adore ak nou. Epi, depi lè Esaradon, wa peyi Lasiri a, te fè nou vin rete isit la, n'ap ofri bèt pou yo touye pou li.
Isaiah 11:11Jou sa a, Seyè a va fè wè fòs ponyèt li yon dezyèm fwa ankò. L'a delivre ti rès pèp li a, ponyen moun ki rete nan sa yo te depòte nan peyi Lasiri, nan peyi Lejip, ak nan tout peyi sa yo: Patwòs, Letiopi, Elam, Babilòn ak Amat, nan tout peyi lakòt yo ak nan tout zile yo.