2 Kings 17:3
Salmanaza, wa peyi Lasiri a, atake Oze. Oze soumèt devan l'. Li peye l' yon lajan chak lanne.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Samuel 8:2Lèfini li bat moun peyi Moab yo. Li fè prizonye yo kouche plat atè. Pou chak twa ladan yo, li touye de, li kite yonn vivan. Depi lè sa a moun peyi Moab yo soumèt devan David nèt. Li fè yo peye taks ba li chak lè.
2 Kings 15:19Poul, wa peyi Lasiri, anvayi peyi a. Menayèm bay Poul twamil (03000) kilo ajan pou Poul te ka ede l' chita pouvwa li nan peyi a.
2 Kings 15:29Se sou reny Peka, Tiglat Pilesè, wa peyi Lasiri, anvayi peyi a, li pran lavil Ijon, lavil Abèl bèt Maka, lavil Janoa, lavil Kadès, lavil Azò, tout teritwa Galarad, tout teritwa Galile ak tout zòn Neftali a. Li fè tout moun yo prizonye, li depòte yo nan peyi Lasiri.
2 Kings 16:8Akaz pran ajan ak lò ki te nan tanp lan ak nan trezò palè wa a, li voye yo fè Tiglat Pilesè, wa peyi Lasiri a, kado.
2 Kings 18:9Ezekyas t'ap mache sou katran depi li te wa nan peyi Jida, Oze, pitit Ela a menm, te gen sètan depi li t'ap gouvènen peyi Izrayèl la lè Salmanaza, wa peyi Lasiri a, anvayi peyi Izrayèl, li sènen lavil Samari.
2 Kings 19:36Senakerib, wa peyi Lasiri a, leve, li pati, li tounen lavil Neniv.