2 Kings 17:37
Se pou nou toujou kenbe prensip ak regleman, lòd ak kòmandman mwen te ekri ban nou pou nou te ka swiv yo chak jou. Piga nou gen krentif pou bondye lòt nasyon yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
38Piga nou bliye kontra mwen te pase ak nou an. Piga nou gen krentif pou bondye lòt nasyon yo.
Cross References
Leviticus 19:37Se pou nou kenbe tout lòd ak tout kòmandman mwen ban nou yo. Se pou nou swiv yo. Se mwen menm ki Seyè a!
Deuteronomy 5:22Men pawòl Seyè a te di nou lè nou tout nou te sanble sou mòn lan. Li te rete nan mitan dife a, anndan gwo nwaj nwa a, li pale byen fò ak nou. Li pa di anyen ankò apre sa. Li ekri kòmandman sa yo sou de wòch plat, epi li ban mwen yo.
Deuteronomy 5:33N'a mache dwat nan chemen Bondye nou an, Seyè a, mete devan nou an. Se konsa n'a gen lavi, n'a gen kè kontan. N'a viv lontan nan peyi nou pral pran pou nou rete a.
Deuteronomy 31:9Apre sa, Moyiz ekri tout lalwa a, epi li renmèt li bay prèt yo, moun fanmi Levi yo ki te reskonsab Bwat Kontra Seyè a, ansanm ak tout chèf fanmi pèp Izrayèl la.
Judges 6:10Mwen te di nou se mwen menm Seyè a ki Bondye nou an. Koulye a nou rete nan peyi moun Amori yo, piga n' al sèvi bann bondye moun sa yo. Men, nou pa t' koute m' lè m' te pale nou.
Nehemiah 9:13Ou soti nan syèl la, ou desann sou mòn Sinayi a pou pale ak yo. Ou ba yo regleman ki pou fè yo mache dwat, lwa ki gen verite ladan l'. Ou ba yo bon prensip ak bon kòmandman.