The Bible Software
bible.software › 2 Kings › 2 Kings 17 › 2 Kings 17:8

2 Kings 17:8

Yo t'ap swiv mès moun lòt nasyon Seyè a te mete deyò nan peyi a pou fè plas pou yo. Yo t'ap mache dapre lòt vye prensip wa Izrayèl yo te ba yo.

Bib La

In The King James Version

And walked in the statutes of the heathen, whom the LORD cast out from before the children of Israel, and of the kings of Israel, which they had made.

In Context

7Sa te rive konsa paske moun peyi Izrayèl yo te fè peche kont Seyè a, Bondye yo a, ki te fè yo soti kite peyi Lejip, ki te delivre yo anba men farawon an, wa peyi Lejip la. Yo t'ap sèvi lòt bondye.

9Lèfini, moun peyi Izrayèl yo te fè yon bann bagay yo pa t' dwe fè devan Seyè a. Yo bati tanp pou zidòl nan tout lavil yo, depi nan ti bouk kote ki gen avanpòs pou faksyonnè rive nan gwo lavil ak ranpa yo.

Read all of 2 Kings 17

Cross References

Exodus 23:24Piga nou mete ajenou devan bondye lòt nasyon yo. Piga nou janm sèvi yo. Pa fè menm jan ak moun lòt nasyon yo. Se pou nou detwi bondye yo nèt, se pou nou kraze tout moniman yo fè pou yo.

Leviticus 18:27Se paske moun ki te rete nan peyi a anvan nou yo te fè tout kalite bagay sa yo, kifè yo te mete peyi a nan move kondisyon sa a.

Deuteronomy 12:30atansyon pou nou pa kite yo pran tèt nou pou nou fè menm jan ak yo. Apre Seyè a va fin kraze nasyon sa yo devan nou, pa konprann pou n' al swiv move egzanp yo. Pa chache konnen ki bondye yo t'ap sèvi, ni ki jan yo t'ap sèvi yo, lèfini pou nou fè tankou yo.

1 Kings 12:28Lè li fin fè lide sa a, li fè de estati towo an lò, epi li di pèp la: -Nou moute kont nou koulye a lavil Jerizalèm pou fè sèvis. Nou menm moun pèp Izrayèl, men bondye pa nou, bondye ki te fè nou soti kite peyi Lejip.

1 Kings 21:26Li te fè bagay ki lèd nèt, l' al fè sèvis pou vye zidòl tankou moun Amori yo te fè l' la. Se moun Amori sa yo Seyè a te mete deyò nan peyi a pou fè plas pou moun Izrayèl yo.

2 Kings 16:10Lè wa Akaz te lavil Damas pou l' te kontre ak Tiglat Pilesè, wa peyi Lasiri a, li wè lotèl ki te la a. Li leve plan lotèl la, li voye l' bay Ouri, prèt la.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study 2 Kings 17:8

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← 2 Kings 17:72 Kings 172 Kings 17:9 →