2 Kings 18:1
Oze, pitit Ela, t'ap mache sou twazan depi li t'ap gouvènen peyi Izrayèl lè Ezekyas, pitit gason Akaz, moute wa nan peyi Jida.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 15:30Lè sa a, Oze, pitit gason Ela a, moute yon konplo sou do Peka, pitit Remalya a. Li atake l', li touye l'. Lèfini, li moute wa nan plas li. Lè sa a, Jotam, pitit gason Ozyas la, te gen ventan depi li t'ap gouvènen peyi Jida.
2 Kings 16:20Lè wa Akaz mouri, yo antere l' menm kote ak zansèt li yo nan Lavil David. Se Ezekyas, pitit li, ki moute wa nan plas li.
2 Kings 18:9Ezekyas t'ap mache sou katran depi li te wa nan peyi Jida, Oze, pitit Ela a menm, te gen sètan depi li t'ap gouvènen peyi Izrayèl la lè Salmanaza, wa peyi Lasiri a, anvayi peyi Izrayèl, li sènen lavil Samari.
2 Chronicles 28:27Lè li mouri, yo antere l' lavil Jerizalèm, men yo pa t' mete l' nan tonm wa Izrayèl yo. Se Ezekyas, pitit li, ki moute wa nan plas li.
2 Chronicles 29:29Lè yo fin boule ofrann yo sou lotèl la, wa a ak tout moun ki te la yo mete ajenou, yo bese tèt yo jouk atè devan Bondye.