2 Kings 18:10
Sou bout twazan, li pran lavil la. Lè sa a, Ezekyas t'ap mache sou sizan depi li te wa, Oze menm te gen nevan depi li t'ap gouvènen peyi Izrayèl.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 10:9Mwen pran lavil Kalno menm jan mwen te pran lavil Kakemich. Mwen pran lavil Amat menm jan mwen te pran lavil Apad. Mwen pran lavil Samari menm jan mwen te pran lavil Damas.
Amos 3:11Se sa ki fè, men sa Seyè a, Bondye a, di: Yon lènmi gen pou vin sènen peyi a, l'a kraze tout fò k'ap pwoteje ou yo, l'ap piye tout gwo kay ou yo.
Amos 9:1Mwen fè yon vizyon, mwen wè Seyè a kanpe sou lotèl la. Li di konsa: -Frape tèt poto tanp lan jouk tout galeri a tranble. Kraze tèt poto yo pou yo tonbe an miyèt moso sou tèt moun yo. Rès ki pa mouri a, m'ap touye yo nan lagè. Yo yonn p'ap chape, yo yonn p'ap sove.
Micah 6:16Nou pran swiv move mès wa Omri a ansanm ak move bagay wa Akab, pitit gason l' lan, t'ap fè a. N'ap fè menm bagay yo t'ap fè a toujou. Se poutèt sa, m'ap fè malè tonbe sou nou. Tout moun pral rele chalbari dèyè nou. Moun toupatou pral trete nou tankou fatra.