2 Kings 18:14
Lè sa a, Ezekyas, wa peyi Jida, voye yon mesaj bay Senakerib ki te lavil Lakis. Li di l' konsa: —Sa m' fè a mal. Tanpri, pa atake m' ankò. Nenpòt kisa w'a egzije m' bay, m'ap ba ou li. Wa peyi Lasiri a egzije pou Ezekyas, wa peyi Jida a, ba li dis tòn ajan ak yon tòn lò.
Bib La
In The King James Version
In Context
15Ezekyas ba li tout ajan ki te nan Tanp Seyè a ak nan trezò palè a.
Cross References
1 Kings 20:4Wa Akab reponn: -Di wa Bennadad, mèt mwen, se jan li vle! Li mèt pran m' ansanm ak tou sa m' genyen.
2 Kings 14:19Yo moute yon konplo lavil Jerizalèm pou yo touye Amasya. Se konsa Amasya kouri al kache lavil Lakis. Men, lènmi l' yo rapouswiv li, yo touye l'.
2 Kings 18:7Se poutèt sa, Seyè a te toujou la avè l'. Tou sa li te fè te byen soti. Ezekyas kenbe tèt ak wa peyi Lasiri a. Li derefize soumèt devan li.
Luke 14:32Si li pa kapab, antan lòt wa a lwen toujou, l'ap voye kèk mesaje bò kote l' pou mande l' fè aranjman.