2 Kings 18:31
Pa koute wa Ezekyas! Wa peyi Lasiri a mande pou nou fè lapè avè l', pou nou rann tèt nou ba li. Konsa, nou tout ka manje rezen nan jaden rezen nou, n'a ka manje fig frans nan pye fig frans nou, n'a ka bwè dlo nan pi nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 32:20Se pou nou di: Wi, Jakòb, nèg pa ou la, ap vin dèyè nou pye pou pye. Jakòb t'ap di nan kè l'. Avèk tout kado m'ap voye devan m' lan, m'ap fè kè l' kontan. Konsa, lè n'a kontre, ou pa janm konnen, li ka fè pa m'.
1 Kings 4:20Pèp Izrayèl la ak pèp Jida a te anpil, yo te tankou grenn sab bò lanmè. Yo t'ap manje, yo t'ap bwè, kè yo te kontan.
1 Kings 5:5Seyè a te fè David, papa m', pwomès sa a: Se pitit gason ou m'ap mete wa nan plas ou a k'ap bati yon kay pou mwen. Enben, koulye a, mwen fè lide bati yon kay pou Seyè a, Bondye mwen an.
Zechariah 3:10Jou sa a, yonn pral envite lòt vin lakay nou anba pye rezen ak pye fig frans nou yo. Se Seyè ki gen tout pouvwa a menm ki di sa.