2 Kings 18:34
Kote bondye moun Amat yo ak bondye moun Apad yo? Kote bondye moun Sefavayim yo, moun Ena ak moun Iva yo? Eske yo te sove peyi Samari anba men l'?
Bib La
In The King James Version
In Context
33Eske bondye lòt nasyon yo te delivre yo anba men wa peyi Lasiri a?
Cross References
Numbers 13:21Se konsa mesye yo moute, y' al chache konnen tout bagay ki gen nan peyi a, depi dezè Zin ki nan sid peyi a rive jouk Reyòb toupre pas Amat la, nan nò.
2 Kings 17:6Oze te gen nevan depi li te wa lè wa Lasiri a pran lavil Samari. Salmanaza fè tout pèp Izrayèl la prizonye, li depòte yo nan peyi Lasiri. Li mete yon pati ladan yo lavil Ala, toupre larivyè Abò nan zòn Gozan, yon pati nan lavil peyi Medi yo.
2 Kings 17:24Wa peyi Lasiri a pran moun lavil Babilòn, moun lavil Kout, moun lavil Ava, moun lavil Ama ak moun lavil Sefavayim, li voye yo al rete nan lavil peyi Samari nan plas moun Izrayèl li te fè depòte yo. Moun yo pran peyi Samari a pou yo, y' al rete nan tout lavil yo.
2 Kings 19:13Kote wa lavil Amak la, wa lavil Apad la, wa lavil Sefarayim lan, wa lavil Ena a ak wa lavil Iva a?
Isaiah 36:18Pa kite Ezekyas pran tèt nou pou nou kwè Seyè a va delivre nou. Eske bondye lòt nasyon yo te delivre yo anba men wa peyi Lasiri a?
Isaiah 37:18Nou konnen, Seyè, wa peyi Lasiri yo te fini ak anpil nasyon, yo te detwi peyi yo.