2 Kings 18:37
Apre sa, Elyakim, pitit Ilkija a, ki chèf moun k'ap travay nan palè a, Chebna, sekretè a ak Joak, pitit Azaf la, ki te reskonsab achiv leta a, chire rad sou yo sitèlman sa te fè yo lapenn. Yo tounen al jwenn Ezekyas, yo rapòte l' tou sa chèf gad palè wa Lasiri a te di.
Bib La
In The King James Version
In Context
36Men pèp la pa louvri bouch reponn, yo pa di yon mo paske wa a te bay lòd pou pesonn pa reponn.
Cross References
Genesis 37:29Lè Woubenn tounen nan pi a, li pa jwenn Jozèf ladan l'. Sa te fè l' lapenn anpil. Li chire rad ki te sou li a.
2 Kings 5:7Lè wa peyi Izrayèl la li lèt la, li vin gen yon kè sere, li chire rad sou li epi li di: —Eske se Bondye ki bay lavi ki bay lanmò mwen ye pou msye voye yon moun ak maladi pou m' geri l'? Nou tou wè se chache l'ap chache m' kont.
2 Kings 18:26Lè sa a, Elyakim, pitit Ilkija a, Chebna ansanm ak Joak, di chèf gad palè a: —Tanpri, mèt. Pale arameyen ak nou. Nou konprann lang sa a. Men, pa pale ebre. Tout moun ki sou miray la ap koute.
2 Kings 22:19Sa fè kè ou fè ou mal, ou soumèt ou devan mwen, lè ou tande deklarasyon mwen fè sou lavil sa a ak sou tout moun li yo. Se bagay ki pral fè moun mete men nan bouch. Y'ap sèvi ak non yo pou bay madichon. Wi, lè ou tande sa ou chire rad sou ou, dlo koule nan je ou. Se poutèt sa, mwen menm tou, mwen tande ou. Se mwen menm, Seyè a, k'ap di ou sa.
Isaiah 22:20Lè sa a, m'a voye chache sèvitè m' lan, Elyakim, pitit gason Ilkija a.
Isaiah 36:21Men pèp la pa louvri bouch li reponn. Yo pa di yon mo paske wa a te bay lòd pou pesonn pa reponn.