2 Kings 18:4
Se li menm ki te kraze tout tanp zidòl yo. Li kraze tout wòch yo te mete kanpe pou zidòl yo, li koupe estati Achera yo. Li kraze an miyèt moso estati sèpan an kwiv Moyiz te fè a, paske jouk lè sa a toujou pèp Izrayèl la t'ap boule lansan pou li. Yo te rele l' Newouchtan.
Bib La
In The King James Version
In Context
3Li te mache dwat devan Seyè a, li te fè menm jan ak David, zansèt li a.
Cross References
Exodus 23:24Piga nou mete ajenou devan bondye lòt nasyon yo. Piga nou janm sèvi yo. Pa fè menm jan ak moun lòt nasyon yo. Se pou nou detwi bondye yo nèt, se pou nou kraze tout moniman yo fè pou yo.
Numbers 21:8Seyè a di Moyiz konsa: -Fè pòtre yon sèpan parèy ak sèpan sa yo. Mete l' sou yon poto byen wo. Konsa, depi yon sèpan mòde yon moun, moun lan va annik gade pòtre sèpan an, epi li p'ap mouri.
Deuteronomy 5:5Lè sa a, mwen menm mwen te kanpe nan mitan, Seyè a yon bò, nou menm yon bò, pou m' te rapòte nou tout pawòl Seyè a te di, paske nou te pè dife a, nou pa t' vle moute sou mòn lan. Men sa Seyè a te di:
Deuteronomy 12:2Nan peyi nou pral pran pou nou an, se pou nou kraze tout kote moun yo te konn sèvi bondye yo sou gwo mòn wo yo, sou ti bit mòn yo, anba pyebwa vèt yo.
Judges 6:28Lè mesye yo ki rete nan lavil la leve granmaten, yo wè lotèl Baal la kraze, poto Achera a koupe, epi dezyèm towo a menm boule sou lotèl yo te bati la a.
1 Kings 15:12Li netwaye peyi a, li mete tout gason ak tout fanm ki t'ap fè jennès nan kay zidòl yo deyò nan peyi a. Li wete tout vye zidòl chèf ki te la anvan l' yo te fè.