2 Kings 18:5
Ezekyas te mete tout konfyans li nan Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Peyi Jida a pa janm gen yon wa tankou l', ni anvan l' ni apre l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 19:10Li di yo: —Men mesaj n'a bay Ezekyas, wa peyi Jida a, pou mwen. Ou mèt tande Bondye ou la, Bondye ou fè konfyans la, di ou Jerizalèm p'ap tonbe nan men wa Lasiri a, pa kite l' twonpe ou.
2 Kings 23:25Ni anvan l', ni apre l', pa t' janm gen yon wa tankou l' ki te sèvi Seyè a ak tout kè li, ak tout nanm li, ak tout kouraj li, jan lalwa Moyiz mande l' la.
2 Chronicles 16:7Lè sa a, pwofèt Anani vin jwenn Asa, wa peyi Jida a, li di l' konsa: -Se paske ou te pito mete konfyans ou nan lame wa peyi Siri a pase nan Seyè a, Bondye ou la, kifè lame wa peyi Siri a chape anba men ou.
2 Chronicles 20:35Yon lè, Jozafa, wa peyi Jida a, te pase kontra ak Okozyas, wa peyi Izrayèl la, ki te fè anpil bagay ki te mal devan Seyè a.
2 Chronicles 32:8Li menm, li konte sou fòs sòlda li yo. Nou menm, nou gen Seyè a, Bondye sèl Mèt la, pou ede nou, pou goumen pou nou. Lè pèp la tande pawòl sa yo soti nan bouch Ezekyas, wa peyi Jida a, yo tout pran kouraj.
Psalms 13:5(013:6) Pou mwen menm, se sou ou mwen konte, paske ou renmen m' anpil. Kè m' kontan, paske ou delivre mwen.