2 Kings 18:7
Se poutèt sa, Seyè a te toujou la avè l'. Tou sa li te fè te byen soti. Ezekyas kenbe tèt ak wa peyi Lasiri a. Li derefize soumèt devan li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 21:22Lè sa a, Abimelèk ale ansanm avek Pikòl, kòmandan lame li a, li pale ak Abraram. Li di l' konsa-Bondye avè ou nan tout sa w'ap fè.
Genesis 39:3Mèt li tout te wè Seyè a te avèk Jozèf. Seyè a te fè tout zafè l' mache byen.
1 Samuel 18:5Chak fwa Sayil te voye David an misyon, kote li pase, li toujou reyisi. Se konsa Sayil moute l' grad, li fè l' chèf nan lame a. Sa te fè tout moun Sayil yo ansanm ak tout pèp la plezi.
2 Samuel 8:6Apre sa, David mete kèk ganizon sòlda pa l' nan teritwa Damas la. Moun peyi Siri yo soumèt devan li. Li fè yo peye l' taks chak lè. Se konsa, Seyè a te fè David genyen tout batay kote l' pase.
2 Kings 16:7Lè sa a, Akaz voye mesaj bay Tiglat Pilesè, wa peyi Lasiri a, pou di l' konsa: —M'ap sèvi ou tankou pitit ou. Tanpri, vin delivre m' anba men wa peyi Siri a ak wa peyi Izrayèl la ki vin atake m'.
2 Kings 18:20Ou konprann ou ka fè lagè ak bèl pawòl ase, san ou pa bezwen lespri ak bon sòlda? Sou ki moun ou apiye pou ou kenbe tèt ak mwen konsa?