2 Kings 19:1
Lè wa Ezekyas tande pawòl sa yo, li chire rad sou li tèlman sa te fè l' lapenn, li mete yon rad sak sou li, epi l' al nan tanp Seyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 4:12Yon nonm nan branch fanmi Benjamen an te pran kouri depi kote yo t'ap goumen an jouk lavil Silo. Li rive menm jou a. Li te chire rad sou li, li te mete pousyè sou tèt li pou fè wè jan li te nan lapenn.
1 Kings 21:29-Ou wè jan Akab vin dou nan pye m'! Paske li fè sa, m'ap tann li mouri anvan m' voye malè a sou fanmi li. Se va pandan rèy pitit gason l' lan m'a voye malè sou fanmi l'.
2 Kings 6:30Lè wa a tande sa madanm lan di l' la, li chire rad sou li sitèlman li te fache. Moun ki te toupre miray la te ka wè wa a te gen yon rad sak anba rad li.
2 Chronicles 7:15Depi jòdi a, je m' louvri, zòrèy mwen pare pou m' tande tout lapriyè y'ap fè isit la.
Ezra 9:3Lè m' tande sa, mwen vin gen yon sèl lapenn, mwen chire rad sou mwen, mwen rache cheve nan tèt mwen ak plim bab mwen.
Job 1:20Lè Jòb tande sa, li leve. Yon sèl lapenn pran l', li chire rad sou li, li koupe tout cheve nan tèt li, li lage kò l' atè, li bese tèt li.