2 Kings 19:12
Lè zansèt mwen yo te touye dènye moun nan lavil Gozan, nan lavil Aran, nan lavil Rezèf ak dènye moun Betedenn yo ki rete lavil Telasa, èske bondye nasyon sa yo te delivre yo?
Bib La
In The King James Version
In Context
13Kote wa lavil Amak la, wa lavil Apad la, wa lavil Sefarayim lan, wa lavil Ena a ak wa lavil Iva a?
Cross References
Genesis 2:8Seyè a, Bondye a, plante yon jaden yon kote yo rele Edenn, bò kote solèy leve a. Se la li mete nonm li te fè a.
Genesis 11:32Se la Terak mouri. Li te gen desansenkan (0205 an).
2 Kings 17:6Oze te gen nevan depi li te wa lè wa Lasiri a pran lavil Samari. Salmanaza fè tout pèp Izrayèl la prizonye, li depòte yo nan peyi Lasiri. Li mete yon pati ladan yo lavil Ala, toupre larivyè Abò nan zòn Gozan, yon pati nan lavil peyi Medi yo.
1 Chronicles 5:26Se poutèt sa, Bondye pèp Izrayèl la fè Poul, wa peyi Lasiri a ki te rele Tiglat-Pilesè tou, anvayi peyi yo a, depòte moun branch fanmi Woubenn yo, moun branch fanmi Gad yo ak moun mwatye branch fanmi Manase yo. Li mennen yo lavil Ala, lavil Abò, lavil Ara ak bò larivyè Gozan kote yo rete jouk jounen jòdi a.
Ezekiel 27:23Moun lavil Aran, moun lavil Kane, moun lavil Edenn, machann ki soti lavil Seba, lavil Asou ak lavil Chilman, yo tout t'ap fè kòmès avè ou.