2 Kings 19:15
Epi li lapriyè Seyè a, li di l' konsa: —Seyè ki gen tout pouvwa, Bondye pèp Izrayèl la, ou menm ki chita sou fotèy zanj cheriben yo ap pote sou zepòl yo a, se ou menm sèl Bondye k'ap gouvènen tout peyi sou latè. Se ou menm ki fè syèl la ak latè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 1:1Nan konmansman, Bondye kreye syèl la ak latè a.
Genesis 32:28Nonm lan di l': -Yo p'ap rele ou Jakòb ankò. Y'ap rele ou Izrayèl, paske ou goumen ak Bondye, ou goumen ak moun, se ou menm ki genyen batay la.
Exodus 25:22Se la m'a toujou kontre avè ou. m'a rete anwo kouvèti a, nan mitan de zanj cheriben yo, m'a ba ou tout lòd mwen gen pou m' ba ou yo pou moun Izrayèl yo.
2 Samuel 7:18Apre sa, wa David ale nan tanp lan, li chita devan Seyè a, li di l' konsa: -Seyè, Bondye sèl Mèt la, kisa mwen ye, kisa fanmi mwen ye pou ou te fè tou sa ou deja fè pou nou?
1 Kings 18:39Lè pèp la wè sa, yo tonbe fas atè, yo pran rele: -Se Seyè a ki Bondye! Se Seyè a ki Bondye!
1 Chronicles 4:10Men Jabèz te lapriyè Bondye pèp Izrayèl la, li te di l': -Tanpri, Bondye, beni mwen. Ban m' anpil tè. Kanpe la ave m'. Pa kite ankenn malè rive m' pou m' pa soufri. Se konsa Bondye ba li sa l' te mande a.