2 Kings 19:16
Panche zòrèy ou non, Seyè, pou ou tande. Louvri je ou pou ou wè. Koute pawòl Senakerib voye di m', pawòl ki manke Bondye vivan an dega!
Bib La
In The King James Version
In Context
17Nou konnen, Seyè, wa peyi Lasiri yo te fini ak anpil nasyon, yo te detwi peyi yo.
Cross References
1 Kings 8:29Lajounen kou lannwit, voye je ou sou Tanp lan, Tanp kote ou te di w'ap toujou la a. Koute lapriyè mwen menm, sèvitè ou la, m'ap fè nan pye ou la a.
2 Chronicles 6:40Koulye a, Bondye mwen, louvri je ou, koute lapriyè n'ap fè nan pye ou isit la.
Psalms 74:22Leve non, Bondye! Defann kòz ou! Pa bliye jan moun fou sa yo ap joure ou tout lajounen!
Isaiah 37:4Wa peyi Lasiri a te voye chèf gad palè li a manke Bondye vivan an dega. Se pou Seyè a, Bondye ou la, tande tout jouman sa yo. Se pou l' pini moun ki di pawòl sa yo. Ou menm, se pou ou lapriyè pou rès moun pèp nou an ki vivan toujou.
Daniel 9:18O Bondye, pare zòrèy ou pou tande nou! Voye je ou wè jan nou fini! Gade nan ki eta lavil ki pote non ou lan ye! Se pa paske nou fè anyen ki dwat ki fè n'ap lapriyè nan pye ou konsa. Men, se paske ou gen bon kè anpil.