2 Kings 19:22
Ki moun ou konprann ou derespekte, ou joure konsa? Sou ki moun ou pale fò konsa? Ki moun w'ap klere je ou gade konsa? Se sou Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 5:2Farawon an reponn: -Kilès ki Seyè a pou m' ta swiv lòd li, pou m' kite pèp Izrayèl la ale? Mwen pa konnen Seyè sa a. Mwen p'ap kite pèp Izrayèl la al ankenn kote.
2 Kings 18:28Lè sa a, chèf gad palè a kanpe, li pran pale byen fò an ebre, li di konsa: —Koute sa gran wa a, wa peyi Lasiri a, voye di nou.
2 Kings 19:6men repons Ezayi ba yo pou wa Ezekyas: —Men sa Seyè a voye di ou: Ou pa bezwen pè tout pawòl ou tande yo, tout jouman moun wa Lasiri yo di sou mwen.
Psalms 73:9Yo pale Bondye ki anwo nan syèl la mal, y'ap bay tout lòt moun lòd avèk awogans.
Proverbs 30:13Gen yon lòt kalite moun ankò ki mete nan tèt yo yo pa kanmarad pesonn, wa pa kouzen yo.
Isaiah 10:13Paske l'ap mache di: Se ak fòs ponyèt mwen mwen fè tou sa! Mwen gen bon konprann, mwen gen anpil lespri. Mwen wete bòn ki te make fwontyè pèp yo. Mwen devalize tou sa yo te sere. Tankou gwo towo bèf, mwen kraze tout moun ki t'ap viv la yo anba pye m'.