2 Kings 19:25
Ou pa t' konnen gen lontan depi mwen te fè lide pou tou sa te rive? Gen lontan depi sa te nan tèt mwen? Koulye a, mwen kite sa rive, pou m' te ka kraze tout lavil ak ranpa yo pou fè yo tounen yon pil demoli.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 76:10(076:11) Menm lè lèzòm an kòlè, sa sèvi yon lwanj pou ou. Moun ou sove anba lanmò va fè fèt pou ou.
Isaiah 10:15Men sa Seyè a di ankò: Eske yon rach ka pretann travay li fè a se li ki fè l'? Se pa moun k'ap sèvi avè l' la ki fè l'? Eske yon goyin ka mache di sa l' fè a se li ki fè l'? Moun k'ap sèvi avè l' la pou anyen nan sa l'ap fè a? Se tankou si se fwèt la k'ap kòmande moun ki kenbe l' nan men l' lan, tankou si se baton an k'ap sèvi ak moun ki genyen l' nan men l' lan.
Isaiah 45:7Mwen mete limyè, mwen mete fènwa! Mwen bay kè poze, mwen bay kè sote. Se mwen menm Seyè a ki fè tou sa.
Isaiah 46:10Depi nan konmansman, mwen te di jan sa pral ye. Depi davans mwen te fè nou konnen sa ki tapral rive. Mwen te di plan travay mwen gen pou rive fèt vre. M'ap fè tou sa mwen te vle fè a.
Acts 4:27Se sa menm ki rive nan lavil sa a lè Ewòd ak Pons Pilat mete tèt yo ansanm ak moun lòt nasyon yo ak tout moun pèp Izrayèl la sou do Jezi, sèvitè ki t'ap viv pou ou a, moun ou te chwazi a.