2 Kings 19:3
Men mesaj Ezekyas te ba yo pou Ezayi: —Jodi a se jou malè pou nou! Bondye ap peni nou. Se yon wont pou nou. Nou tankou yon fanm ansent ki deja kase lèzo, men ki pa gen fòs pou li pouse pitit la soti.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 39:11(039:12) Lè w'ap korije moun ou pini yo pou fòt yo fè, ou detwi tou sa yo pi renmen tankou mit k'ap manje rad. Se vre wi, moun se tankou lafimen yo ye.
Psalms 123:3Gen pitye pou nou, Seyè, gen pitye pou nou, paske nou sibi kont nou anba moun k'ap meprize nou yo.
Isaiah 66:9Eske mwen ka fè yon fanm kase lèzo, lèfini pou m' pa kite l' akouche? Eske mwen ka fè pitit la rive sou jou l' lèfini pou m' pa kite l' fèt? Se Bondye ou la menm ki di sa!
Hosea 5:15M'ap vire do m' tounen lakay mwen jouk y'a rekonèt fòt yo. Se lè sa a y'a chache m'. Wi, lè y'a wè jan y'ap soufri a, y'a mete chache m'.
Hebrews 3:15Men sa ki ekri nan Liv la: Si nou tande vwa Bondye jòdi a, pa kenbe tèt ak li, tankou lè nou te chache kont ak Bondye a.